Notè oubyen Notario Pùblico - Ou Dwe Konn Diferans la

Fè atansyon avèk notè piblik k ap pratike dwa san otorizasyon nan Pennsylvania 

Kisa yo rele yon notè?

Nan Pennsylvania, yon notè, yo rele l pafwa yon  notè piblik oswa “ notary public ” an anglè, ede nan bagay enpòtan, tankou sèvi kòm temwen pou siyati, resevwa deklarasyon rekonesans, fè prete sèman, ak sètifye kopi dokiman. Pafwa gen dokiman ki dwe siyen devan yon notè piblik. Notè yo resevwa manda nan men Depatman Deta Pennsylvania a, epi yo dwe aji avèk onètete, dwati, ak serye.  

Kisa yon notè PA gen dwa fè?

Lwa Pennsylvania a di aklè yon notè pa gen dwa:

  • Ede moun ekri dokiman jiridik ni bay konsèy nan zafè lajistis;
  • Aji kòm ni espesyalis ni konsiltan nan zafè imigrasyon;
  • Reprezante yon moun ni nan tribinal ni nan zafè lajistis ki konsène imigrasyon oswa sitwayènte; ni
  • Mande lajan pou kèlkeswa nan aktivite sa yo

Yon notè pa ka pratike dwa, sòf si li se yon avoka ki gen pèmi egzèse tou.

Poukisa pawòl “Notario Público” a ka twonpe w?

Yo souvan tradui pawòl “notè piblik” la an panyòl kòm “notario público.” Men, yon notè piblik nan Etazini se pa menm bagay avèk yon “notario público” ou jwenn nan lòt peyi.

Paregzanp, nan anpil peyi Amerik Latin ak peyi ki pale panyòl, yon “notario público” se yon avoka ki ka bay konsèy nan zafè lajistis. Nan Etazini, yon notè se pa yon avoka epi li pa ka bay konsèy nan zafè lajistis (sòf si li se yon avoka ki gen pèmi egzèse tou).

 

Kijan mwen ka pwoteje tèt mwen kont fwòd?

Fè atansyon si yon notè Pennsylvania ap ofri w fè kwakseswa apa sèvi kòm temwen pou siyati, resevwa deklarasyon rekonesans, fè prete sèman, oswa sètifye kopi dokiman. Suiv ti konsèy sa yo pou evite vin viktim fwòd lè w ap chèche asistans pou papye imigrasyon oswa sitwayènte: 

  • Pa peye pou rekòmandasyon. Pa janm peye yon moun senpleman pou li voye w al wè yon avoka.
  • Verifye pèmi egzèse. Pa travay avèk yon avoka ki pa gen pèmi egzèse kounye a. Pa rete si li pa ka ba w prèv.
  • Konprann anvan w siyen. Pa janm siyen okenn dokiman, ni papye jiridik, ni lòt kalite papye, san w pa konprann yo. Si sa nesesè, mennen yon moun ou fè konfyans pou tradui pou ou.
  • Pa siyen fòmilè vid ni fo fòmilè. Pa janm siyen yon demann ki vid ni youn ki gen enfòmasyon ki pa bon.
  • Kenbe kopi dokiman w yo. Toujou mande kopi nenpòt bagay yo depoze pou ou.
  • Mande prèv.  Toujou mande prèv pou kèlkeswa bagay yo fè oswa remèt nan non w. 
  • Fè yo ba w tout bagay alekri. Ou dwe gen yon kontra ekri ki bay lis klè tout pri ak frè yo pou sèvis w ap chèche yo.
  • Mande resi. Toujou fè yo ba w resi pou tout peman w fè. Notè ki fè peye yo oblije bay kliyan an yon resi detaye. 
  • Dokimante tout chanjman. Si kontra a chanje, fè mete nouvo kondisyon yo alekri.
  • Evite òf ilegal. Pa kite pèsonn “jwenn” yon parenn oswa yon konjwen pou ou pou w ka jwenn kat rezidans—se yon bagay ki ilegal.

 

Kisa pou m chèche ankò?

Notè Pennsylvania yo pa gen dwa fè fo reklam oswa reklam ki twonpe. Yo pa ka di nonplis yo ka ede avèk dokiman jiridik oswa bay konsèy nan zafè lajistis.

Si yon notè ap fè reklam pou sèvis li yo (reklam pale, enprime, sou entènèt, elatriye), li dwe mete deklarasyon sa a nan tout lang li itilize yo:

“I am not an attorney licensed to practice law in this Commonwealth. I am not allowed to draft legal records, give advice on legal matters, including immigration, or charge a fee for those activities.”

“Mwen pa yon avoka ki gen pèmi pou pratike dwa nan Eta sa a. Mwen pa gen dwa redije dokiman jiridik, ni bay konsèy nan zafè lajistis, menmsi se pou imigrasyon, ni mande pou yo peye m pou aktivite sa yo.”

Si reklam nan twò piti pou mete deklarasyon sa a, li dwe afiche aklè kote notè a ap travay la, anvan li bay kèlkeswa sèvis notè a. Deklarasyon an dwe fasil pou piblik la wè l ak li l.

Kijan pou m rapòte yon notè Pennsylvania? 

Si w panse gen yon notè Pennsylvania k ap aji yon fason ilegal oswa malonèt, ou ka pote plent sou entènèt.